The news is by your side.

Culture: Plein feu sur la poétesse Fabiola Musac et ses poèmes

299

Pharo de son nom de plume, Fabiola MUSAC est née à Port-au-Prince. Elle est étudiante en quatrième année en sciences infirmières et troisième année en sciences juridiques. Jeune poètesse , comédienne passionnée de l’écriture et aussi de la mode d’où sa participation à la 1ere édition du concours de beauté dénommé MISS CHOUKOUNN AYITI. La rédaction de La Brève vous fait part de *Gouyad se Viza* et autres poèmes.
****
Chak batman kè w charye yon makòn plezi
Yon lonn gouyad ki fè palèt tete m bat kou tanbou asòtò
Nan lakou souvnans
Chak ti piwèt ou fè
Laprezidans ta dwe vwatire w
Paske cheri se nan plòtonnen avè w
Mw rann kont c pa tout larim glise ki sot nn nen vre.

***
Espadone m lamitye
Si wè m ekrim powèm lan sou twèl san
Se retisans leta
Paske peyi m abite nan fouk.

***
Tout voum se do
Gouyad se viza
Ledikasyon pwazon
Lekòl gongonzare
Legliz matchòprèl
Lapriyè m pou letènite
Se pou lavyèj regwòs yon jezi tou nwamn
Koulè mèt bawon.

***
Ou di m ou vle yon lanmou tout boulin
Pandan w ofri m kòw an jeretyen
Nan je letènite
Lanmou m se tout tivis
Li pa makonnen ak ti sèvèl
Son lanmou pèd pawòl
Yon lanmou radiyès pèmèt
Ki mache tou bande
Anna jipon l.

***
Souf pachiman
Kolonn vètebral fele
Kè kase sote kòd
Kòd petro
Petro palto.

Par Rodianco Fils Azor

Les commentaires sont fermés.