The news is by your side.

Haïti: Jude Célestin sort enfin de son silence

202

Dans un long message publié sur son compte Facebook, l’ancien candidat à la présidence du parti LAPEH, Jude Célestin, dresse un tableau sombre sur la situation du pays.
Le message de Jude Célestin:
Frem ak sèm yo,
Tankou anpil nan nou mwen viv ak gwo kè kase move van kap soufle sou peyi m, move van preske chavire tirès kichòy nou rete nan kanòt la. Moun ki kenbe zaviron yo pa menm konn kote yo prale, yo pa pran memm direksyon ak majorite popilasyon an.
Tankou anpil nan nou ki soti nan mas la mwen santi zantray mwen ap koupe lè map gade kijan lavi vinn pi mangonmen pou popilasyon an malgre bèl diskou ak pwomès tout kalte. Tankou anpil nan nou map gade ak dlo nan je kijan yo pouse do inivèsite a ki gen pou misyon ede chanje lavi. Se menm ti ekip la, yo pa fè pwomosyon pou jèn fanm ni jèn gason. Yo prefere asele yo mande yo sa yo paka bay ou pata dwe bay pou opòtinite pwazon rat.
Anpil fwa li bon lè silans ak obsèvasyon edew wè pi byen realite a epi pran angajman pou pote kontribisyonw pou chanje sa.
Nan lekòl lavi politik la rekreasyon an dwe fini. Fòk tout elèv ki kwè nan batay kont lavi chè, koripsyon ak malsite yo tanmen pran tichèz yo pou ansanm nou rebay lespwa ak jenès la kap pati kite peyi a chak jou.
Zòrèy mwen louvri pou m tande revandikasyon ni si la yo kite vote pou mwen ni sila ki pat vote pou mwen. Kidonk, bagay yo rèd pou nou tout, se nou tout ki pou fè sa nou konen pou konbat yon sistèm peze souse kap detri chak jou rèv zansèt nou yo.
РRekreasyon an ki p̬m̬t bandi san fwa ni lwa ap touye polisye nou yo dwe fini
РRekreasyon ki fasilite koript̬ tout kalite ap taye banda a dwe fini
РRekreasyon ki f̬ yon ti ekip jwis̬ ap maspinen majorite a dwe fini
РRekreasyon ki f̬ bandi ak blanchis̬ kontrole aparey jistis ak ekonomi peyi a dwe fini.
Operasyon kole zepòl kont lavi chè ak koripsyon an se konya! Operasyon sa dwe fèt nan mitan sosyete a, nan inivesite a, nan mitan òganizasyon yo, nan katye popilè yo ak pelerinaj tout kalte nan lari a pou fòse respekte dwa nou tout jan zansèt nou yo te batay pou sa.
Mwen salye tout militan angaje nan batay pou chanje lavi a. Mwen nan mitan nou, mwen pa depaman.
Jude Célestin.

Les commentaires sont fermés.